Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

ChandMas Tounen Yon Gwo LATRIN Piblik ak Yon MAKREL Pou Lajenès Depi Plizyè Mwa!

 champs de mars chandmas -latrin-piblik-makrel - place petyon touthaitiLatrin Piblik ak Makrèl ...kote Timoun Yo Te Konn Vin Jwe Sou Plas Petyon [photo: Stephen William Phelps]

 Lè Ou Ap Pase Moute Anfas Kote Yo Vann Poul Babekyou Yo, Pi Ba Estati Petyon an : Si Ou P Mache RAPID...Sant KAKA Ap Fè w Dekonpoze !!!

Epi M Ap Tou Di Lafanmi ZuZu Ipokrit SALOP Yo : Mwen Pap Eskize Pou Moun Ki Pral Pran Pòz Estomake Pou sa Mwen Ekri a. Kisa Ki Pi Mal, sa Mwen Ekri a oswa Transfòmasyon "Place des Héros de l'Independance" lan An LATRIN Piblik Depli Plizyè Mwa ???

 Fòk nou Fè Konnen tou , akote Gwo Raje Yo ki Tounen Yon Latrin Piblik Gran Lajounen , gen yon seri Jèn Pyebwa ki Byen Grandi ki preske tounen yon ti Rak [ kote Timoun te konn vin Jwe sou Plas Petyon an … ] Pèp la Rebatize « Forè » !!! Nan Zòn Sa a, depi bò 7 tè nan aswè , anpil Jèn Ti Demwazèl 18 / 19 lane , men tou timoun 15 / 16 lane Ap Ofri Sèvis Seksyèl Yo pou Yon Plat Espageti oswa Yon Plat Poul Fri ak Bannann oswa pou Lajan Cash tou !!!! Tout Sa Anba Boul Je Ofisyèl Yo Pi Pa Wè Anyen Pa Vre … a mwens pase 200 mèt Palè Nasyonal la ???!!!

Otorite Yo, Manyen WONT ... Nou Pa ta Fè Pèp Ayisyen sa : ChandMas la santi KAKA epi Tounen Yon Gwo Makrèl pou Lajenès Vin Ofri Bouboun Yo Pou Yon Plat Manje !!! Sitiyasyon Sa a TRIS epi REVOLTAN !!!

Stephen William PHELPS,Pòtoprens
26 septanm 2017

LES DERNIERES NOUVELLES