Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

D’après Daly Valet : Lamothe a soumis à Washington une solution à la crise sans Martelly

daly valet pamela white1Daly Valet - Pamela White (Ambassadrice Americaine)

Men gwo zen yo depi Washington !

1. Zotobre meriken yo di fok Lamohe ale. Yo sezi konstate jan fòtin PM nan gwosi depi li rive nan Primati a. Gen menm yon ofisyèl ameriken ki di sa se pa "koripsyon sèlman" se pito rezilta "operasyon ganstè".

2. Pou rive sove po l, Lamothe voye yon plan pou rezoud kriz la bay Depatman Deta san Prezidan Martelly pa t okouran. Nan plan sa Lamothe pwopoze pou Depite yo rete an fonksyon jiska mwa davril 2015 e Senatè yo jiska Septanm 2015.

Plan Lamothe la prevwa bay opozisyon an kèk pòs nan Gouvenman an. Li prevwa tou pou bay pati politik yo lajan nan kad lwa sou pati politik yo.

Ameriken yo fè Martelly jwenn plan Lamothe voye ba yo a semenn pase a. Martelly te fache anpil. Se sa ki te pral lakoz Martelly ta pete gwo lobo ak Lamothe avan wikenn nan nan Palè nasyonal.
Mezantant ant Martelly ak Lamothe la telman te rive lwen ke Palè nasyonal te kraze Konsèy Govenman Lamothe te prevwa fè kòm dabitid mèkredi 3 desanm pase a.

3. Depi lè Gouvenman an tande John Kerry t ap rantre an Ayiti pou vin di prezidan Martelly ki jan pou kriz la rezoud, Gouvenman te ekri Depatman Deta pou di l pinga Kerry rantre Potoprens nan moman an paske prezans li nan peyi a ka agrave kriz la. Men Washington di Kerry ap rantre kan menm paske kriz la rive nan yon dimansyon eksplozif ki ka mouye anpil moun Washington.

Depi nou wè John Kerry rantre Ayiti kan menm sè ke Martelly nan zen. Sa ap vle di tou pawol otorite Tèt Kale yo pa vle di anyen ankò pou Washington.

4. Anpil otorite Washington pa dakò ak lide pou Martelly ta fè 2 manda youn apre lòt.

5. Washington ap swiv pre travay Komisyon prezidansyèl Konsiltatif la. Yo espere rezilta travay Komisyon an ka rive rezoud kriz la.

Pozisyon pa m, sè ke kriz la rive nan yon pwen kote rekomandasyon Komisyon prezidansyèl yo pa p rive rezoud kriz la. Kriz la fenk komanse menm si Lamothe demisyone.

Daly Valet
Source: Facebook