Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Sakap pase konsa nan Radio Caraibes ?

jean monard edens desbas touthaitiEdens Desbas (Tout Haiti) - Jean Monard Meteluus (Caraibes FM)

Li du anpil le wap fonksyone nan yon espas kote pa gen solidarite ant moun yo.

M toujou konin moun kap pratike minm metye toujou solidè youn ak lot,menm si opinyon yo konn diferan youn ak lòt, depi ninpot vagabon soti deyo atake youn nan yo,se le yo fin goumin pou yo ka mande sak te pase.

Jodya sa kap fet nan radyo caraibes la santi anpil,lode a monte nan nin nou tout,m pa mande pou moun nan radyo a renmen Jean Monard,men o mwen mezanmi le Sweet Miky fè sal fè a pwogramasyon radyo a pat dwe minm pase kanaval Miky a,alevwa pou yo ta invite misye vin manke Jen Mona dega andan radyo a minm.

Le misye atake yon Synbol tankou Liliane Pierre Paul,tout radyo ki fe pati asosysyon media yo te dwe sansire kanaval sa a,e soti yon nòt ki eksplike pozisyon yo pa rapò a mòd deriv sa yo.

M konpran anpil direkte medya ak jounalis andedan peyi a ap defan pòch yo ak anba ti vant yo min o mwen an nou fe yon ti efo pou nou soti nan kanivo,m konpran anpil nan nou tre konfotab .ak kalite moun kap dirije nou yo,minm le yo inplike nan blanchiman,nan van dwog,nan tue moun,nan volo,min de gras sispan voye sos kaka nap patoje ladan nan sou sila yo kap fe on ti efo pou kinbe diyte yo.

Jean Mo ak Lili map di nou kenbe red pa lage batay la,majorite ki pa janm pale a,majorite ki pa posede radyo pou fe chantaj nan peiya avèk nou,yon jou tankou jodya li gen poul leve kanpe,li gen poul frape pyel poul di setase.e lè sa a, tout vagabon,tout machan dwog,tout blanchise ak tout sitire yo va jwen monnen pyès yo.

Edens Desbas
Tout Haiti