Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Hommage à Liliane Pierre-Paul : 5 Février 2016 @ Karibe Convention Center

hommage a liliane pierre Paul touthaiti

Tout Haiti vous invite à prendre connaissance de l’initiative d’un ensemble de citoyens et citoyennes qui dans un temps record ont donné une réponse de civilité à l’agression caractérisée de Michel Martelly contre l’une des rares figures de la bataille pour l’éclosion et la consolidation de la démocratie en Haiti Liliane Pierre Paul. Celui qui a dévoyé la présidence haïtienne n’a pas non plus épargné notre collègue Jean Monard Metellus dans sa tentative d’agression désespérée. Dans deux (2) Jours on va se réveiller et Martelly ne sera plus qu’un lointain cauchemar et en Haiti tout le monde sait ce qu’on doit faire après un mauvais rêve.

 Onè-respè pou Liliane Pierre-Paul

Bonè-bonè nan vi li, nan lane 1970 yo, Liliane Pierre-Paul te montre jan li kwè bon jan enfòmasyon se bon zanmi libète. Bon travay li nan sans sa a, pawòl li ak aksyon li, tou fèl vin pòtèz labanyè pou fanm grandèt granmoun, libète lib e libè, dwadelòm, demokrasi nèt alkole, epitou pou pi fò moun nan peyi a ke sistèm sosyal la mete akote, ki pa ka souse yon zo, kip a ka jwenn jistis devan jij. Ansanm ak 2 zanmi, Sony Bastien ak Marvel Dandin, ki sakrifye yo tou pou Ayisyen gen lwa djòl yo, san li pa mache di sa nou pral di la a, li vin yon antreprenèz, ki di donk li kwè ke chak moun gen dwa travay pou tèt yo pandan y ap respekte lwa lavi a kif è lòm pa janm viv grenn senk, se nan solidarite youn pou tout, tout pou youn la vi ka bèl. Nan koze sa a, Liliane Pierre-Paul toujou montre l pa nan tchans avèk moun k ap betize ak demokrasi a. Depi lè mou nap tande Madanm sa a, nou fin pa wè sa ki ekri kòm manman prensip nan konstitisyon an se degouden ak 50 kòb y oye avèk sa l kwè : « fò noutout fè youn, fò nou derasinen afè nèg mòn-nèg lavil, moun wouj-moun nwa, nèg sòt, nèg lespri, fò nou aksepte nou gen 2 lang ak yon kilti ki pou noutout, pou nou travay pou pwogrè, enfòmasyon, edikasyon, sante, travay, amizman pou tout sitwayen ayisyen. Liliane Pierre-Paul se tout sa yo ankè.

Nan defann tout prensip sa yo tankou Dessalines t ap defann libète nou, gran fanm sa a ki rele Liliane nan resevwa move kou : an 1986, gouvènman avi Duvalier mete l nan prizon, pimpe l annekzil ; an 2016, prezidan peyi a sal pwòch bouch pa li pou l eseye fè Liliane kriye.

Monte-desann, nad marinad, Liliane Pierre-Paul menm jan ak Penelope nan mitoloji peyi la Grèce ki te kenbe kin alaganach pou l pa reponn okenn gason pandan mari l te pati nan bato, Liliane Pierre-Paul toujou rete doubout , anyen, ni trayizon, ni move pawòl pa rive fèl bese tèt li. Doubout pou l di « li fè 4 è nan Radyo Kiskeya », epi se defans tout gwo lide li kwè kif è yon moun, doubout pou repitasyon peyi a, doubout pou lajistis, doubout pou travay leta fèt, doubout pou bèl prensip viv ansanm.

Lilianne pa bay pèp ayisyen an manti. Se kòmsi Maurice Sixto se Liliane li te gade pou l te kree pèsonaj Sandrine nan, mod fanm sa a san repròch, ki pa janm pè, ki konnen bonsans, larezone ak lajistis se bon gid lavi. Fanm pa kite pèsonn pran chans fòse l fèmen bouch li. Li gen rezon paske vwa Liliane se yon bon ti sèvyèt cho pou pwoteje ti bebe kont move zè e ki pèmèt tout moun konnen ladousè mo yo rele libète a. Liliane konnen se sa k pou fè lavi miyò. Li konnen depi l fèmen je l yon ti moman, li konnen depi l pa pale 2-3 jou, tiran yo pral crache dife lanfè sou pèp la ki ka fè moun tounen bèt, li konnen depi l pa pale 2-3 jou, ti moun pral rekòmanse pè pou fiyèt lalo pa manje yo, depi l pa pale 2-3 jou, li konnen depite pap menm ka plenyen difèt yo fè kostim yo tounen tòchon, depi li pa pale 2-3 jou li konnen etidyan pap menm ka plenyen zanzave ba yo kalòt, depi li pa pale 2-3 jou li konnen prezidan ap toujou di betiz fè betiz kòmsi lang sal ta kab sèvi kòz pèp...

Sa ki dwòl la zèfè ti voryen yo se luil nan motè machin Liliane pou l defann demockrasi ak tout limanite, noumenm ki nan bon bò a nou konnen se yon devwa pou nou ede ti voryen sa yo pou yo pa tounen zannimo nèt. Nou gen devwa sa a , jan Madan Pierre-Paul fè l chak jou a, pou nous sove ti kras imanite sa a ki rete kay ti vagabon sa yo.
Tout verite sa yo se rezon ki pouse komite sitwayen sa a deside òganize yon seremoni omaj pou Liliane Pierre-Paul, yon ti ankourajman pou nou raple l pawòl li gen sans pou Ayisyen. Annavan Liliane, « li fè 4 è nan radyo Kiskeya », lè sa a se lè w pou pasyans Penelope la ak detèminasyon Sandrine nan pou toujou rekòmanse, toujou kenbe, kontinye, peze sou devwa sa a : pou nou toujou chèche pou chak jou nou vin plis moun ke jan nou moun nan, pou nou fè sa ki konprann ke bay moun kou, joure, vòlè pa kapab tounen byen. Manzè Liliane, travay pou fè Ayisyen fè pwogrè kòm imen, nan Karibe a demen vandredi 5 fevriye a, fanm kou gason ki ta renmen Ayiti sanble ak lide ou yo ap rann ou omaj ki pap janm genyen tout fòs ke entegrite w ak lanmou w pou Ayiti merite

Pou Komite sitwayen an:

Patrice Dumont : Sitwayen angaje
Yves Lafortune : MAP, Avocat (Consultations et Résultats)
Ralph Jean-Baptiste : Association Culturelle Café Philo Haïti (ACCPH)
Marie Yolène Gilles (RNDDH)

HOMMAGE
À
Madame Liliane PIERRE PAUL
Vendredi 5 Février 2016
10:00 A.M

Maître des cérémonies: Dangélo NEARD

1) La dessalinienne : Tamara SUFFREN
2) Danièle MAGLOIRE
3) Patrice DUMONT
4) Musique Wooly ST LOUIS
5) Poésie James NOËL
6) Magalie C. DENIS
7) Lyonel TROUILLOT

8) Musique Tamara SUFFREN

9) Poésie James NOËL

10) Darline ALEXIS

11) Marvel DANDIN

12) Musique Jeanjean ROOSVELT

13) Projection

14) Magalie THEODORE Remise de Plaque

15) Yves LAFORTUNE Remise de Plaque

16) Liliane PIERRE PAUL

CLOTURE : Musique Kebert BASTIEN,