Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Pour Daly Valet ce ne sont pas les actions de l’opposition qui ont poussé Lamothe a démissionné ni ki fé Martelly pran nan zip

daly valet michel martelly

En tant qu’observateurs et acteurs des crises politiques qui ont traversé Haiti de 1985 à Nos jours je me permet de poser une seule question … si ce ne sont pas les actions de plus en plus  généralisées et de plus en plus osées de l’opposition réelle (pas celle Laloz et sou blòf de Sauveur Pierre Etienne de l’OPL) au régime Martelly qui sont à la base de la démission de Lamothe pourquoi le blanc a-t-il change de Kazak  aujourd’ hui? Pourquoi une certaine presse visiblement rose a-t-elle commencé a publié des articles dignes des contributeurs de Tout Haiti ?

J’invite le public à prendre connaissance de « l’analyse Â» de Daly Daly  sur le départ de Lamothe qui d’après l’analyste politique est uniquement due à et nous citons « Se Martelly ak Lamothe nan tèt di yo ak sifizans yo ki mete tèt yo nan tout latwoublay chochonèt sa yo. Â»

Tout Haiti,

Demisyon Lamothe !

Mwen te anonse nou an detay tout evenman ki ta pral rive yo. Mwen te di nou Lamothe ta pral oblije fe yon jès nan wikenn lan avan lendi rive. Martelly ak Lamothe te blije klè sou demisyon sa sou presyon sa nou rele "Blan" yo. Ameriken yo te fache anpil vandredi swa apre mesaj televize mètdam laloz Prezidan Martelly te delivre vandedi swa a. Tantativ woule m 2 bò sa lakòz Martelly pèdi anpil plim nan sipò Ameriken yo t ap ba li jiska vandredi swa. Ak demisyon fòse Lamothe la, fòk Prezidan Martelly veye zòl pou evenman yo pa pote l ale tou.

Nan analiz pa m m ka di nou se pa opozisyon an vre ki fè Lamothe tonbe. Se pa opozisyon an non plis ki fè Martelly pran nan zip ak toubiyon evenman sa yo ki fè l preske pèdi kontwol tout bagay menm avni politik li. Se Martelly ak Lamothe nan tèt di yo ak sifizans yo ki mete tèt yo nan tout latwoublay chochonèt sa yo.

Blan an ka sipote w se vre men fòk ou konn fè politik byen pou w ede l byen sipòte w. Martelly ak Lamothe te pran Ameriken yo ak pouvwa a pou aki. Se pi gwo erè yo te fè. Jodi a y ap mode gwo pous yo....Se menm Pamela White sa ki te bradsi bradsou ak Lamothe la ki ede pouse do l jodi a kom Premye minis.

Nou fenk komanse nan kriz. ak demisyon Lamothe la se chapit pi konplike kriz la ki louvri. Opozisyon radikal la pra l di yo 1 a zewo toujou. E se la kriz pral konplike e ke Prezidan Martelly pral montre si se selman yon mizisyen li ye ou byen si li se yon òm deta tou ki madre.

Annatadan, men analiz mwen sou kriz la ak demisyon Lamothe nan jounal ameriken Miami Herald :

http://www.miamiherald.com/.../amer.../haiti/article4477734.html

Bon dimanch.

Daly Valet
Source: Facebook