Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Economie

PetroCaribe : Ce qu’on aurait pu réaliser avec le $4 Milliards 200 millions USD

PetroCaribe 4milliards 200 millions - v5

 

Voici ce que Haiti aurait pu réaliser avec les 4 milliards 200 millions du fond PetroCaribe dilapidé par le régime Tèt Kale du PHTK

10 Universités, 1 Stade de standard international, 3 Hôpitaux de standards internationaux, 600 Km de route, mise en valeur de plus de 200,000 carreaux de terre, construction de 100 Lycées et 2 aéroports internationaux …

Données mises à la disposition de Tout Haiti par Me André Michel porte-parole du secteur démocratique

 

Jodi Samedi 22 Dawou 2020 an Pòt Pawòl Sektè Demokratik la fè yon entèvansyon nan Ranmase kote li Montre ki kalite Travay Ki te ka fèt nan peyi a avèk lajan PETROCARIBE a ki se plis pase 4.2 milya dola vèt

Ekip tèt kale a volè 4.2 milya dola Petrocaribe a. Gen lòt gouvènman ki vòlè yon pati nan kòb la tou-                                                            

Anpil moun pa reyalize vreman sa chif sa a reprezante e kisa li ta ka fè pou nou.    

 

Mèt André Michel te ede pèp la konprann sa kisa kòb sa a ta ka fè pou Ayiti. 4.2 milya dola se 4milya 200 milyon dola US!     Men koze -                                

1) Inivèsite

Pi gwo inivète peyi a se inivèsite Limonade la, li koute 50 milyon. Si nou te mete 1 inivèsite konsa nan chak depatman, sa tap koute au total 500 milyon. Donk tap rete toujou 3milya 700 milyon dola US.                                  

 

2) Stad

Tout moun sot gade Coupe du Monde la, bèl stad sa yo nou sot wè nan peyi la Russie, pifò la dan yo koute 300 milyon. Kidonk le nou fin bati stad la tap rete 3milya 400 milyon $US.

 

3)Lopital

Si nou ta deside bati 3 gwo manman lopital ki tap koute 200 milyon dola chak, sa tap fè nou 600 milyon pou 3 lopital yo. Youn nan Nò, youn nan Sud, youn nan Lwès. Tap rete 2milya 800 milyon toujou. (bidjè pou rekonstwi Lopital Jeneral se 100 milyon$).

 

4) Wout

Yo toujou di 1 km wout koute 1 milyon dola us. Sa vle di 600 km wout se 600 milyon dola. Men wout 600 km tap ka fè :

 

Jeremie- Abricot

Jeremie-Irois

Port-a-Piment - Tiburon

Anse-a-veau - Baraderes

Carrefour 44- Cote-de-fer (wout sa a pa fini)

Marigot - Belle-Anse

Hinche - Milot (Barriere Battant)

Gonaives - Mole-St-Nicolas

Port- de-Paix - Jn-Rabel

Limbe - Anse-a-Foleur

Anse-a-Foleur - Port-de-Paix

 

Le nou fin fè tout wout sa yo, tap rete 2milya 200 milyon dola US nan men nou toujou.

5) Agrikilti

Si ou ta desise envesti 3000$ US/kawo pou fè jaden, achte semans, achte ponp solèr, achte angrè etc, Li tap koute’w 600 milyon dola pou fè pwodiksyon agrikòl nan 200 000 kawo. 200 000 kawo tè, sa vle di anpil nan te ki pap regle anyen nan peyi, tap ka pwodui manje. 200 000 kawo tè, se 4 fwa zile LaGonav.

 

Nou tap toujou rete 1milya 600 milyon dola US nan kob petrocaribe a.

 

6) Lekòl

 

Nan BMPad, yon lise koute anviron 500 000 dola US. Gen anpil lise ki kontwi nan peyi a depi 20 an. Se pou sa nou ta ka kontwi 100 lise pou zòn ki pa ko genyen yo. 100 lise tap koute 50 milyon. Tap rete nou 1milya 550 milyon dola US

 

7) Ayopò

 

Peyi la Chin tap refè ayopò Potoprens la pou 470 milyon dola. Nou tap gen yon ayopò modèn menm jan ak sa yo jwenn nan tout lot peyi nan Karayib la. Si nou di na fè 2 ayopò youn Okap you Potoprens, sa tap koute 940 milyon dola.

 

Kob la pako fini toujou non, tap rete 610 milyon dola US nan men nou toujou.

 

Apre tout sa mwen sot di la a:

10 inivèsite

1 stad standa entènasyonal

3 lopital referans

600 km wout pou konekte tout gro vil yo

200 000 ekta tè wouze

100 lise

2 ayopo entènasyonal

 

Tap rete kòb toujou!!!!!

 

Tap rete 610 milyon dola toujou            

Nou te ka konstwi 2 Parc Industriel nan peyi a pou 482 milyon dola US paske sak gen Karakòl la koute 241 milyon.                                                            

Nou tap rete 128 milyon toujou -            

 

Kob petrocaribe ta ka chanje figi peyi Dayiti.

Sa a se te entèvansyon Mét André Michel, Pòt pawòl sektè Demokratik la Nan Emisyon Ramase jodi Samedi 22 Dawou 2020 a.

Entèvansyon Mèt André Michel la nan Ranmanse jodi a pèmèt tout moun wè aklè ki Kalite mechanste moun ki vòlè PETROCARIBE yo fè peyi a