Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Economie

Quelle est la nature de La transaction de Boulos avec l’ONA ? Guy Laude fait le point

logo ONA

Suite aux déclarations de l’entrepreneur/Politicien Reginald Boulos sur les 700 000 000 gdes ou $10 769 231 USD (65gdes pour $1USD) de prêt qu’il a obtenu de l’Office National d’Assurance Vieillesse (ONA) au micro du Journaliste Valery Numa et suite à la controverse autour de la nature de cette transaction financière, Tout Haiti avait demandé au banquier Guy Laude d’établir pour nos lecteurs la différence entre  a) un placement , b) Un prêt, et c) Une prise de participation.

 Nap komanse pa la fen:

Transaction Boulos fè ak ONA a se teknikman yon Prêt Patisipatif pou lekèl pa gen okèn kad reglemantè. Menm nan bank santral la (ou pap jwen lwa kad pou sa). ..Donk Mr yo chita a yo 2 yo fè pwodwui yo nan yon kontra sinalagmatik a yo 2. ..se kontra yo a ki sèl referans legal yo.

An France Prêt Participatif te entwodui nan yon lwa 13 jiyè 1978. Ayiti pa gen bagay konsa. Objectif prè Patisipatif lan, se supleye pa yon systèm ad hoc a ensifizans fon pwop yon antrepriz sutou PME yo ( Petites et Moyennes Entreprises) se sa li ye.  

Yon PRÈ (Un prêt) se yon lajan yon prètè avanse a yon lòt moun, oubyen yon bisniz ki se yon "anprentè". Legalman yon prè se yon kontra ànt yon vandè (prètè) e yon achtè (anprentè) ki vin ranfòse pa tout sa ke la lwa detèmine. Tèm e kondisyon repèman yon prè ak tout chaj finansyè yo, plis enterè yo, espesifye nan kontra prè a. Yon prè kapab repeye sou demand (demand loan), oubyen pa mwa sou yon tan yo rele li (instalment loan). Li kapab repeyab tou a matirite, lè tan li rive (Time loan).

Gen anpil metòd prètè utilize pou kategorize prè yo et pou prepare rapò bay ajans sipèvizyon yo. Par ekzanp prè ka klase pa matirite: yo di kout, mwayen, osinon long tèm... Yo ka klase yo pa type (industri), (ekzanp, lanbè prete yon fon endistriyèl pou pitit li fè yon mezon pou lwe machin, (rent a car); yo klase yo tou pa sekirite, ekzanp yon mortgage, epi tou yo klase yo pa type anprentè: gen prè pèsonèl, gen prè komèsyal, epi gen prè gouvènmantal.

Bank ki nòmalman deziye pou fè prè paske se komès lajan yap fè klase an bank komèsyal, e bank endistriyèl. an plis de tou sa, Gèn prè entèbank (Bank prete bank).

Prè yo kategorize an : Prè lojman. Prè à la konsomasyon, epi tou prè komèsyal. se 3 kategori sa yo wap jwen andedan BRH. Andedan prè a la konsomasyon, wap jwen pa ekzanp prè pou otomobil, ki se yon "instalment loan" paske wap peye pa bon sa vle di chak mwa.... 

Si poum ta ekri sou prè nou tap ekri yon liv. ..mbay ti sa an rezime. .

Yon ponya se yon prè tou yo relel shark loan. ..

Yon PLASMAN se yon operasyon ke yon detantè kapital fè nan yon aktivite ki diferan a aktivite pwofesyonèl li nan espwa pou li tire yon pwofi. Plasman an diferan de yon envestisman, a kòz de motivation li ..li disosye de pwosesis de prodiksyon an. Yon envestisè pa kont, kapab enplike nan pwodiksyon an, tandis ke lespri plasman an pa nan koze konsa. 

Maten an msite nou deja plizyè pwodui plasman andedan bank tankou TD. ...pwodwui money makèt yo sou mache segondè a wap jwen: bon. ..obligasyon. ..stock. . etc. .. 

PATISIPASYON se le fè de prendre part au capital, aux bénéfices et a gestion yon société. .osinon yon antrepriz. .. 

Guy Laude

LES DERNIERES NOUVELLES