Analyses & Opinions
Lamothe an mòd koudeta: Dèyè demonstrasyon Gwo Van/Ti Lapli yo an Frans
- Détails
- Catégorie : Opinions
- Publié le dimanche 15 septembre 2013 16:36
Konprann sak ap pase andedan pouvwa Tèt Kale/kale Tèt la
Norluck Dorange --- Blan franse yo an Ewòp dewoule tapi wouj pou Laurent Lamothe. Misye ozanj. Sèvis propagann plis jounalis ki touché yo ap voye flè. Yo ap repete, Lamothe ap make pwen nan entènasyonal la. Gen yon lidè Afriken ki te rele Samora Machel ki tap goumen kont kolonizasyon anglèz nan Mozambique ki te deklare yon fwa devan yon bann konbatan: "jou na wè blan yo ap pale byen de mwen, konnen mwen trayi peyi a". Si nou vle konprann n a konprann.
Lamothe anonse Inyon Ewopeyèn pral vèse 532 milyon euros sou Ayiti sou fòm don. Mwen deklare sa se MANTI. Sa vle di Lamothe fin bay sifizaman prèv li ka fè travay rekolonizasyon Ayiti a, nan pwen li aksepte sèvi kòm pòtvwa yon MANTI ki elabore pou a) kòm kwa blan Ewòp yo ka toujou lage kèk bout zo nan bòl yon peyi tankou Ayiti, alòske yo pa gen ni ren, ni mwayen pou fè sa jounen jodia 2) karyè politk li jwenn benediksyon menm blan Ewopeyen yo ki ap ekri bon nòt nan kaye politisyen nan peyi soudevlope.
Konprann byen, Enyon Ewopeyèn fikse andedan regleman l yo pou, lè yap regle kelkeswa aksyon (politik, finans, komès, kooperasyon, elatriye) ak kelkeswa peyi ki nan kategori soudevlope, yo blije pase pa peyi nan Ewòp la ki te kolonize peyi soudevlope sila a. Se nan sans sa a pou moun konprann deplasman Lamothe la, nan konjonkti kote li ap mennen demach sou plan entènasyonal pou kore ajanda koudeta li ap prepare ak kèk aktè andedan peyi a. Rankont li fè yo, se pou kondisyone rapò Ayiti ak Lafrans nan kad politik neyokolonyal peyi sila a, an direksyon diferan peyi Dafrik, Ayiti, Il Lareyinyon, elatriye. Pandan dewoulman say o rele Jeux de la Francophonie yo, yo te fikse randevou ak plizyè responsab Leta peyi ki te anba pat yo nan period kolonyal yo, pou define rapò kooperasyon ak yo. Rapò sa yo se ki sa Lafrans ka kontinye jwi nan men peyi sa yo nan fasilite piyaj resous yo kontinye. E sou plan entèn anndan ak andeyò Lafrans, se teyat pou montre sitwayen franse, peyi yo a kontinye yon gran puisans. Pasaj Lamothe nan diferan medya franse ak afichaj karaktè inept e souflantchou misye, patisipe nan demach pou montre yon eleman dosil, ki pare pou vann dènye rès resous peyi li ap dirije a, bal ti pousantaj li. Alamanyè de Boyer, lè peyi a leve nan dèyè l, li ap gen kote pou l al kache.
Lamothe, antan ke bon avozòd, deja bay garanti lap bay kontra pou konstrui yon nouvo pò nan Pòtoprens, epi konsede jesyon pò sa a bay Bollore, yon konpayi franco-olandè. Nan menm lide a, li pran anganjman pou kontinye sipòte politik konkèt espas kiltirèl yo an Ayiti atravè program pou etann lang franse a ki ap pran baf nan men lang angle a. Se nan sans sa a pou entèprete remèsiman Lamothe jwenn nan men otorite Lafrans yo poutèt gouvènman l la enpoze franse a kòm yon lang an plis andedan òganis rejyonal nan Karayib la , CARICOM.
An sòm, Lamothe ap regle afè tyoul li. Deklare Ayiti ap replase tèt li sou teren diplomatik la an Ewòp siyifi an reyalite, sou gouvènman Tèt Kale/KaleTètLamothe/Martelly a, Ayiti pral kontinye kouche plat atè pou kontinye jwe wòl souflantchou ouswa ekolye dosil, ki la pou aliyen sou pozisyon Lafrans nan diplomasi entènasyonal la. Se nan sans sa a pou fè yon relekti sou kominike ministè Afè Atranjè Ayiti a sou dosye Syrie a, alòske pozisyon Lafrans ki se simaye lapli bomb lanmò sou peyi Syrie.
Aktyèlman, remete opa ansyen koloni yo, se yo travay aktif ki ap pran pye an Ayiti atravè dirijan enpoze nan eleksyon kontwole pa remote kontwòl yo an 2011. Lamothe se yon zouti Ayisyen dwe mobilize pou dechouke si yo pa vle retounen mare nan pye tab kolonizasyon. Li se pitit ki bwè lèt entènasyonal atravè OEA, paske papa l Louis Lamothe te toujou yon gwo korespondan òganizasyon sa a atravè rezo ki te konstrui pou sa anndan Institut Lope de Vega. Dayè se nan lokal Institut sila a, nan Enpas Lavo sou Bwa Vèna nan Pòtoprens, biwo OEA te loje pandan anpil lane. Deja, se peyi Lespay, yon ansyen peyi kolonizatè tou, majorite byen ak lajan Lamothe ap vole nan peyi Dayiti aktyèlman al sere depi lè l otorite nan Etazini koumanse poze kesyon sou lajan taks Global Voice tap ranmase lajan pa milyon nan rezo koripsyon aparèy Leta nan kèk peyi Lafrik, alòske konpayi sa a te anrejistre nan USA.
Norluck Dorange
Journaliste
Guillaume Soro, Aktyèl Pdt Asanble Nasyonal Côte d'Ivoire, li se 2ème pèsonaj peyi sa a. Li se Ansyen Premye Minis. Li gen menm laj ak Laurent Lamothe. Se yon tip jenn mèsenè ki osèvis Lafrans pou lajan. Tout byen misye sere nan lòt peyi, nan Burkina Faso. Li se ansyen Chef Rebelyon ki te destabilize peyi sa a pandan 10 zan.
Men Laurent Lamothe ak Abdou Diouf, pdt OIF. Yo remèsye poutèl li pase kreyòl la anba pye o profi franse andedan CARICOM
Men Laurent Lamothe ak Abdou Diouf, pdt OIF. Yo remèsye poutèl li pase kreyòl la anba pye o profi franse andedan CARICOM
Men Guillaume Soro kòm Prezidan Asanble Nasyonal Côte d'Ivoire ke yo resevwa an gran jan pa Abou Diouf ki se Pdt OIF. Men bèl rekonpans entènasyonal li resevwa poutèt li te kraze peyi l.
Laurent Lamothe parèt nan medya Franse yo pou l ka montre nan ki degre li soumèt a prensip neyokolonizasyon an
Anne Imbert se yon fransèz yo la Frans te voye al ankadre Guillaume Soro pou te ka mennen batay kraze peyi l, louvri vant peyi a bat enterè Lafrans
Norluck Dorange
Journaliste
- Répétition du scenario Garry Conille : Laurent Lamothe est démenti et affaibli par Ralph Theano sur la question des élections pendant sa tournée en Europe
- Un tribunal fédéral condamne Laurent Lamothe à payer une première amende dans le cadre du procès contre Haiti-Observateur
- Video: Martelly installe une Succursale de la BRH au Palais national : Charles Castel confirme des fourgons blindés apportent l’argent du « Payroll » au Palais national
- Funérailles Nationales, Martelly Absent, mais s’amuse dans des fêtes champêtres dans la Grande Anse
- Le president du Senat D.S. Desras appelle à la mobilisation générale contre Martelly
- Nouveau groupe ParaMilitaire (Milice) crée par Michel Martelly dans la confusion de la crise électorale
- Haiti, Une journaliste internationale déclarée persona non grata, par le régime Martelly-Lamothe, pour avoir dit la vérité